SOPHONIE
1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.[~1~] 3 Mwen va retire ni [~2~]lòm, ni bèt. Mwen va retire [~3~]zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va [~4~]koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout [~5~]prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou [~6~]twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa [~7~]Milcom, 6 sila ki te [~8~]vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki [~9~]pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 [~10~]Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske [~11~]jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. 8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va [~12~]pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak [~13~]vètman etranje yo. 9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.[~14~]
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan [~15~]Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan [~16~]dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp [~17~]Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki [~18~]deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a [~19~]p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va [~20~]bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 Pre rive se [~21~]gran [~22~]jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou [~23~]gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou [~24~]tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou [~25~]twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen [~26~]gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache [~27~]tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni [~28~]ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men [~29~]tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
Sophonie 2 ->