1 Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.[~1~] 2 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou [~2~]chache favè SENYÈ a, 3 pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”[~3~]
4 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5 “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan [~4~]swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou [~5~]Mwen ke nou te fè jèn nan? 6 Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? 7 Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap [~6~]pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’ ”
8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: [~7~]‘Ekzekite vrè jijman, e pratike [~8~]Ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 [~9~]Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni [~10~] pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11 Men yo te [~11~]refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12 Yo te fè [~12~]kè yo di tankou [~13~]silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. 13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa [~14~]yo va rele e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. 14 Men Mwen va [~15~]gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou [~16~]pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
<- Zacharie 6Zacharie 8 ->