Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. [~1~] 2 Konsa, li te di mwen: [~2~]“Kisa ou wè la a?”

Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude e lajè li se dis koude.”

3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki [~3~]vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki [~4~]fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va [~5~]antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va [~6~]detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”

5 Epi [~7~]zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”

6 Mwen te di: “Kisa li ye?”

Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.[~8~] 7 Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.[~9~] 8 Zanj la te di: “Sa se [~10~]Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.

9 Mwen te leve zye m, mwen te gade e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a [~11~]sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. 10 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”

11 Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”

<- Zacharie 4Zacharie 6 ->