6 Nan jou sa a [~7~] p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. 7 Li va yon jou inik ki [~8~]konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan [~9~]aswè, va gen limyè.
8 Li va rive nan jou sa a, [~10~] kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.
9 Epi SENYÈ a va [~11~]wa sou tout tè a. Nan jou sa a, se SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.
10 Tout peyi a va devni yon savann, depi [~12~]Guéba jis rive [~13~]Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. 11 Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va [~14~]rete ansekirite.
12 Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va [~15~]pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. 13 Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va [~16~]kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. 14 [~17~] Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.
15 Jan [~18~]fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.
16 Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va [~19~]ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre [~20~]Fèt Tonèl yo. 17 Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, [~21~]Lapli p ap tonbe sou yo. 18 Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.[~22~] 19 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.
20 Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: [~23~]“SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo va tankou bòl devan lotèl yo. 21 Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon [~24~]Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.
<- Zacharie 13