2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire [~3~]pwofèt yo ak [~4~]lespri pa pwòp la soti nan peyi a. 3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou [~5~]p ap viv, paske ou [~6~]pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va [~7~]vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; 5 men yon pwofèt va di: ‘Mwen [~8~]pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ 6 Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki [~9~]nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’