6 Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo ni sou men goch yo pandan [~4~]sila ki rete Jérusalem yo va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.
7 SENYÈ a va osi [~5~]sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem p ap depase Juda. 8 Nan jou sa a, SENYÈ a va [~6~]defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou [~7~]zanj SENYÈ a devan yo. 9 Epi nan jou sa a, Mwen va [~8~]kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.
10 Epi Mwen va [~9~]vide sou kay David la ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te [~10~]pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11 Nan jou sa a, va gen [~11~]gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la apa e madanm yo apa; fanmi lakay Nathan an apa e madanm yo apa; 13 fanmi lakay Levi apa e madanm yo apa; fanmi a Schimeï yo apa e madanm yo apa; 14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa e madanm yo apa.
<- Zacharie 11Zacharie 13 ->