Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

ZACHARIE

1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a [~1~]Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a [~2~]Iddo a. Li te di: 2 “SENYÈ a te [~3~]fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: [~4~]“Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. 4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo [~5~]pa t koute ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.[~6~] 5 [~7~]Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi [~8~]pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6 Men èske pawòl Mwen yo ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?

“Konsa yo te repanti e te di: [~9~]‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’ ”

7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon [~10~]cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval [~11~]blan.

9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”

Epi [~12~]zanj ki t ap pale avèk mwen an te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”

10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè [~13~]patwouj sou latè.”

11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen [~14~]tout tè a kalm. Li gen lapè.” 12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, [~15~] pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan [~16~]swasann-dis ane sila yo?”

13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.[~17~] 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen [~18~]jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki [~19~] alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap [~20~]retounen kote Jérusalem ak mizerikòd. [~21~]Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.” ’

17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: [~22~]“Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e [~23~]chwazi Jérusalem ankò.” ’ ”

18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”

Li te reponn mwen: “Sa yo se [~24~]kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” 20 SENYÈ a te montre mwen kat [~25~]gwo bòs fòjewon. 21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou [~26~]fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”

Zacharie 2 ->