1 Raple yo [~1~]pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e[~2~]prè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou [~3~]pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 [~4~]Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan [~5~]twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè [~6~]bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, [~7~]pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 [~8~]ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin [~9~]eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou [~10~]angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9 Men [~11~]evite [~12~]konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman [~13~]rejte yon nonm [~14~]k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa [~15~]pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou [~16~]fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak [~17~]Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann [~18~]angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke [~19~]bay fwi.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou [~20~]nan lafwa yo. [~21~]Ke lagras avèk nou tout.
<- Tite 2