6
Lòt yo
1 [~1~]“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
Jenn Fi a
2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè [~2~]lis.
3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
Salomon
4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou [~3~]Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
5 Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
[~4~]Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
6 [~5~]Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
7 [~6~]De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e [~7~]jèn fi menm pa kab konte;
9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
[~8~]Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou [~9~]solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa [~10~]grenad yo te fleri.
12 Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
Lòt Yo
13 Retounen, retounen, O Silamit lan;
[~11~]retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
Salomon