1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou [~1~]selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men [~2~]pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: [~3~] “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki [~4~]travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men [~5~]kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: [~8~]“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11 Li te [~9~]resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a [~10~]tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13 Paske pwomès a Abraham ak [~11~]desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske [~12~]si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men [~13~]kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa [~14~]gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a [~15~]sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: [~16~]“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: [~17~]“Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske [~18~]li te gen anviwon san lane e [~19~]vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e [~20~]te toujou bay Bondye lwanj. 21 [~21~]Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk [~22~]sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se [~23~]pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila [~24~]ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te [~25~]livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
<- Women 3Women 5 ->