7 Konsa [~8~]aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. 8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a [~9~]sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; 9 epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:
10 Li di ankò:
11 Epi ankò:
12 Esaïe di ankò:
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk [~14~]tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz [~15~]gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon [~16~]sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou [~17~]ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan [~18~]bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke [~19~]Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo [~20~]nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen [~21~]pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
22 Pou rezon sa a byen souvan [~23~]mwen anpeche vin kote nou. 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi [~24~]anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab [~25~]ede m fin rive la apre mwen fin [~26~]rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25 Men koulye a [~27~]mwen prale Jérusalem pou [~28~]sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan [~29~]Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske [~30~]si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28 Konsa, lè m fin fè sa, e [~31~]mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29 Mwen konnen ke [~32~]lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa [~33~]lanmou Lespri a, pou [~34~]fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou [~35~]sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa [~36~]volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33 Pou koulye a [~37~]ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
<- Women 14Women 16 ->