3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou [~4~]pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske [~5~]menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè [~6~]yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki [~7~]pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se [~8~]fè sèvis, nan sèvi moun, si se [~9~]enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; [~10~]si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9 Se pou nou renmen [~11~]san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 [~12~]Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete [~13~]zele nan lespri nou, ak [~14~]nan sèvis Senyè a, 12 [~15~]rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon [~16~]pèsevere nan lapriyè. 13 [~17~]Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou [~18~]pratike ospitalite.
14 [~19~]Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 15 [~20~]Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. [~21~]Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 [~22~]Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou [~23~]rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: [~24~]“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
<- Women 11Women 13 ->