7 Alò, Kisa? Sa ke [~6~]Israël ap cheche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin [~7~]di nan kè. 8 Jis jan sa te ekri a: [~8~]“Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”
9 Konsa, David di:
11 Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, [~11~]sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou. 12 Alò, si transgresyon pa yo se richès pou mond lan, e echèk pa yo se richès pou pèp etranje yo, konbyen anplis [~12~]pou lè yo menm reyisi?
13 Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke [~13~]mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo. 14 Men pou si l ta ka vin fèt (ke pa yon mwayen oswa yon lòt), si mwen ta kapab eksite pwòp pèp mwen an a jalouzi, pou m ta kapab [~14~]sove kèk, mwen ta fè l. 15 Paske si rejeksyon pa yo se [~15~]rekonsilyasyon pou tout mond lan, kisa l ap ye menm lè yo vin aksepte, sof ke lavi k ap sòti nan lanmò.
16 Si [~16~]premye mòso ki sòti nan pat pen an sen, tout rès la ap sen tou, e si rasin lan sen, tout branch yo ap sen tou. 17 Men si kèk nan [~17~]branch yo te kase retire, epi [~18~]ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke [~19~]se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen. 19 [~20~]Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men [~21~]ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis. 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, [~22~]si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou. 23 Konsa, yo menm tou [~23~]si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann. 24 Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.
25 Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila a[~24~]pouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre. 26 Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a:
28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou [~27~]benefis a zansèt yo. 29 Paske kado ak [~28~]apèl Bondye pa revokab. 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. 32 Paske [~29~]Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.
33 O, pwofondè [~30~]richès a [~31~]sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
36 Paske [~34~]soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
<- Women 10Women 12 ->