Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
10
1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo [~1~]gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. 3 Paske san konesans de [~2~]ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. 4 Paske [~3~]Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.

5 Moïse te ekri ke moun [~4~]ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men [~5~]ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: [~6~]“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou [~7~]mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? [~8~]“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke [~9~]Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: [~10~]“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

12 Paske [~11~]pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa [~12~]“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li [~13~]si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san [~14~]yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

[~15~]“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl
a bon bagay bèl yo!”

16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: [~16~]“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” 17 Konsa lafwa soti nan [~17~]tande, e tande pa [~18~]pawòl a Kris la. 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande:

[~19~]“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”
Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
 

19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di:

[~20~]“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;
avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
 

20 Ésaïe, ak kouraj te di: [~21~]“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;

Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
 

21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

<- Women 9Women 11 ->