Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

REVELASYON

1 Revelasyon a Jésus Kri, ke [~1~]Bondye te bay Li pou [~2~]montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2 ki te temwaye [~3~]pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.

3 [~4~]Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. [~5~]Paske tan an pwòch.

4 Jean, a sèt legliz ki an [~6~]Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan [~7~]Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5 e nan Jésus Kri, [~8~]temwen fidèl la, [~9~]premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— 6 epi Li te fè nou vin yon [~10~]Wayòm, prèt a [~11~]Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.

7 [~12~]Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.

8 “Mwen se [~13~]Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”

9 Mwen, Jean, frè nou, ki [~14~]patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak [~15~]pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.

10 Mwen te [~16~]nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa [~17~]tankou son a yon twonpèt, 11 ki t ap di: [~18~]“Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”

12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè [~19~]sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. [~20~]Zye li te tankou yon flanm dife. 15 [~21~]Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon [~22~]nepe file de bò te sòti nan bouch Li. [~23~]Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

17 Lè m te wè Li, mwen te [~24~]tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se [~25~]premye ak dènye a, 18 e [~26~]Sila ki viv la. [~27~]Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

19 “Konsa, [~28~]ekri [~29~]bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a [~30~]sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

Revelasyon 2 ->