95
1 O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3 Paske SENYÈ a se yon [~1~] gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4 Nan men Sila [~2~] pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm [~3~] ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ [~4~] ki te fè nou an.
7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
[~5~] Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
8 pa fè kè nou vin di tankou nan [~6~] Meriba,
tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
9 “lè papa zansèt nou yo te [~7~] pase M a leprèv.
Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
10 Pandan [~8~] karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,