LIV 4
90
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
1 Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye
pandan tout jenerasyon yo.
2 Avan mòn yo te vin parèt,
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,
menm [~1~]pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:
“Retounen, O pitit a lòm yo.”
4 Paske mil ane devan zye Ou
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
5 Ou [~2~] bale yo ale pandan y ap dòmi.
6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.
Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
7 Paske nou [~3~] fin manje nèt akoz kòlè Ou.
E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
8 Ou te [~4~] mete inikite nou yo devan Ou.
Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
9 Paske [~5~] tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.
Ane nou yo ap fini kon souf.
10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou [~6~]vole ale.
11 Se kilès ki konprann [~7~] fòs a kòlè Ou a?
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab [~8~]ofri Ou yon kè ki plen sajès.
13 Lache, O SENYÈ!
Konbyen tan sa va ye?
Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,
pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,
tout [~9~]ane ke nou te wè mal yo.
16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,
ak[~10~]majeste Ou a pitit yo.
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi [~11~]konfime pou nou menm zèv men nou yo.