Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
85
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo
1 O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.
Ou te [~1~] restore kaptivite a Jacob la.
2 Ou te [~2~] padone inikite a pèp Ou a.
Ou te kouvri tout peche yo.
3 Ou te retire tout gran kòlè Ou.
Ou te [~3~] detounen kòlè Ou ki brile a.
4 Restore nou, O Bondye a sali nou an,
e [~4~]fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
5 Èske [~5~] Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou [~6~] reprann ankò?
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
[~7~] Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.
Paske La p [~8~] pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,
men pa kite yo retounen nan foli yo.
9 Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.
[~9~]Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
11 Verite [~10~] vòltije sòti nan latè, e
Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,
e [~11~] peyi nou an va bay rekòlt li.
13 Ladwati va mache devan L.
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.

<- Sòm Yo 84Sòm Yo 86 ->