83
Yon Chan. Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, [~1~] pa rete an silans.
Pa fè silans, O Bondye.
Pa rete trankil.
2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.
Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.
3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a.
Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.
4 Yo te di: “Vini, [~2~] annou disparèt yo nèt kon nasyon,
pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
5 Paske yo te [~3~] fè konplo ansanm ak yon sèl panse.
Kont Ou menm, yo fè yon akò.
6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,
7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;
8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,
yo te prete lamen a [~4~] pitit a Lot yo.
Tan
9 Aji avèk yo [~5~] tankou Madian,
tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
10 Ki te fin detwi nan En-Dor,
ki te [~6~] vin tankou fimye sou latè.
11 Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb
e tout prens yo tankou [~7~]Zébach avèk Tsalmunna,
12 Ki te di: [~8~] “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”
13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!
Tankou pay devan van!
14 Tankou [~9~] dife ki brile forè a, ak flanm ki
limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
15 Konsa, kouri dèyè yo [~10~] avèk tanpèt Ou
e teworize yo ak gwo siklòn Ou.
16 [~11~] Plen figi yo ak gwo wont,
pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
17 Kite yo vin [~12~] wont e dekouraje jis pou tout tan.
Wi, kite yo imilye e peri,
18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl