Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
79
Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.
Yo te souye sen tanp Ou an.
Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.
Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.
3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.
[~1~] Pa t genyen moun ki pou antere yo.
4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,
Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.
5 Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va rete fache nèt?
Èske jalouzi Ou va [~2~]brile tankou dife tout tan?
6 [~3~] Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,
ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.
7 Paske yo te [~4~] devore Jacob.
Yo te devaste abitasyon Li an.
8 [~5~] Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.
Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,
paske nou fin rive ba nèt.
9 [~6~] Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.
Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.
10 [~7~] Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”
Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,
ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
11 Kite [~8~] vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou.
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.
12 Fè remet a vwazen nou yo, [~9~] sèt fwa
antre nan vant yo, repwòch avèk sila
yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
13 Konsa nou menm, pèp Ou a,
ak [~10~] mouton a patiraj Ou a,
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

<- Sòm Yo 78Sòm Yo 80 ->