Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
LIV 3
73
Yon Sòm Asaph
1 Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki [~1~] san tach yo!
2 Men pou mwen, [~2~] pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan [~3~]mechan yo te byen reyisi.
4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl [~4~] kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7 Zye yo anfle nan mitan [~5~] grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8 Yo [~6~] giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9 Nan bouch [~7~] yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè [~8~] gran sous yo nèt.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou [~9~] alèz, yo te agrandi richès yo.
13 Anverite, [~10~] se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14 Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa [~11~] chatiman chak maten.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi [~12~] jenerasyon pitit Ou yo.
16 Lè m te [~13~] reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta [~14~] fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki [~15~] glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19 Men kijan yo va [~16~] detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20 Tankou yon rèv lè yon leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va [~17~] meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te [~18~]pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon [~19~]bèt devan Ou.
23 Sepandan, [~20~] mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, [~21~]resevwa mwen nan laglwa.
25 [~22~] Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 [~23~] Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va [~24~] peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, [~25~]refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

<- Sòm Yo 72Sòm Yo 74 ->