Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
70
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni
1 [~1~] O Bondye, fè vit pou delivre mwen.
O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
2 [~2~] Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.
Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
3 [~3~] Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:
“Kite Bondye egzalte”.
5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite.
[~4~]Fè vit vin kote mwen, O Bondye!
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.
O SENYÈ, pa mize.

<- Sòm Yo 69Sòm Yo 71 ->