Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
7
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1 O SENYÈ Bondye mwen an, [~1~]nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
2 sof ke li ta chire nanm mwen [~2~]tankou yon lyon,
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
3 O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,
si gen [~3~]enjistis nan men m,
4 si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,
oswa te [~4~]piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
5 kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen
jiskaske li pran l,
epi kite li foule lavi mwen jis atè.
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a.
Tan
6 Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;
leve Ou menm kont [~5~]raj ladvèsè mwen yo.
Leve Ou menm pou mwen;
Ou menm ki te etabli jijman an.
7 Kite asanble [~6~] a tout pèp yo antoure Ou.
Gouvènen yo, depi an wo.
8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
[~7~]Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki [~8~]fè prèv
nan kè avèk panse moun.
10 Boukliye mwen se avèk Bondye,
ki [~9~]sove sila ki dwat yo.
11 Bondye se yon jij ki jis
e ki [~10~] rayi enjistis chak jou.
12 Si yon nonm pa repanti, La p [~11~]file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14 Gade byen, l ap lite nan mechanste.
Wi, li plante jèm mechanste a,
epi li [~12~]vin bay nesans a tout sa ki fo.
15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt,
e vin [~13~]tonbe nan twou ke li te fè a.
16 [~14~]Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a [~15~]selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.

<- Sòm Yo 6Sòm Yo 8 ->