Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
1 Ke Bondye, ka fè nou gras,
[~1~] beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak [~2~]sali Ou pami tout nasyon yo.
3 Kite [~3~] pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e [~4~]gidenasyon yo sou tè a.
Tan
5 Kite [~5~] pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
6 [~6~] Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
7 Bondye ap toujou beni nou.
[~7~] Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

<- Sòm Yo 66Sòm Yo 68 ->