Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
58
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David
1 Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?
Èske nou [~1~] jije san fòt, O fis a lòm yo?
2 Non, nan kè, nou [~2~] fòmante inikite.
Sou latè, nou peze balans pou separe
bay vyolans ak men nou.
3 Mechan yo pèvès depi nan vant.
Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
4 Yo gen pwazon tankou [~3~]pwazon sèpan.
Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
5 pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,
malgre se yon [~4~] majisyen abil k ap fè wanga.
6 O Bondye, [~5~]kraze dan nan bouch yo!
Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
7 Kite yo [~6~]koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.
Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
8 Kite yo tankou kalmason ki fonn,
ki vin disparèt pandan l ap mache,
tankou [~7~]avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
9 Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,
Li va [~8~]bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;
vèt ak sila kap brile yo, ansanm.
10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè [~9~]vanjans lan.
Li va lave pye li nan san a mechan yo,
11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.
Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

<- Sòm Yo 57Sòm Yo 59 ->