57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan [~1~]lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2 Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki [~2~]acheve tout sa m mande an.
3 Li va [~3~]voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an.
Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4 Nanm mwen rete pami [~4~]lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5 [~5~]Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
6 Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te [~6~]fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li.
Tan
7 [~7~]Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8 Leve, [~8~]glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 [~9~]Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10 Paske [~10~]lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 [~11~]Leve anwo syèl yo, O Bondye.