54
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm
a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”
1 Sove mwen, O Bondye, ak non Ou
e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
2 Koute lapriyè mwen, O Bondye.
[~1~]Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
3 Paske etranje yo fin leve kont mwen.
Moun vyolans yo te chache lavi mwen.
Yo [~2~]pa t mete Bondye devan yo.
4 Gade byen, Bondye se èd mwen.
SENYÈ a se [~3~]soutyen a nanm mwen.
5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.
Detwi yo [~4~]nan fidelite Ou.
6 [~5~]Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.
Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
7 Paske li te [~6~]delivre mwen nan tout twoub.