52
Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”
1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?
Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
2 Lang ou envante destriksyon,
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
3 Ou [~1~]renmen mechanste plis pase sa ki bon.
Fo bagay plis pase pale verite a.
4 Ou renmen tout pawòl ki devore,
yon lang [~2~]mantè.
5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;
Li va kenbe ou byen vit e [~3~]chire fè ou
sòti nan tant ou an,
Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo.
Tan
6 Moun dwat yo va [~4~]wè, va gen lakrent;
yo va ri sou li epi di:
7 “Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.
Mwen mete [~5~]konfyans mwen nan 1 lanmou dous Bondye a
pou tout tan e pou tout tan.
9 Mwen va [~6~]bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.
Mwen va mete espwa nan non Ou,