Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a,
se Mòn Sion nan pati nò a,
[~1~]Vil gran Wa a.
3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo.
La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon [~2~]refij.
4 Men gade, [~3~]wa yo te rasanble yo.
Yo pase akote vil la ansanm.
5 Yo te wè li, e yo te etone.
Yo te [~4~]sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
6 La, yo pèdi ekilib yo nèt.
Doulè ak sezisman te pran yo tankou [~5~]fanm k ap akouche.
7 Avèk [~6~]van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo.
8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè,
nan vil SENYÈ dèzame yo,
nan vil Bondye pa nou an.
Bondye va [~7~]etabli li nèt, jis pou tout tan.
9 Nou te reflechi sou [~8~]lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10 Jan [~9~]non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
11 Kite Mòn Sion fè kè kontan!
Kite [~10~] fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12 Mache toupatou nan Sion e antoure li.
[~11~]Konte fò wo li yo.
13 Konsidere ranpa li yo.
Antre nan palè li yo, pou ou kab
[~12~]pale jenerasyon k ap vini an.
14 Paske Bondye se Bondye pa nou an jis pou tout tan.
[~13~]Li va gide nou jiska lanmò.

<- Sòm Yo 47Sòm Yo 49 ->