Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
1 O SENYÈ, [~1~]pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2 Paske [~2~]flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
3 [~3~]Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
4 Paske [~4~]inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5 Blese mwen yo vin santi e anfle akoz [~5~]foli mwen.
6 Mwen fin koube nèt e [~6~]bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7 Paske ren mwen plen ak [~7~]brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8 Mwen [~8~]pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout [~9~]plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, [~10~]fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo [~11~]kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou [~12~]va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo [~13~]ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
[~14~]Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk [~15~]regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki [~16~]rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, [~17~]pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!

<- Sòm Yo 37Sòm Yo 39 ->