33
1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj [~1~]bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
2 [~2~]Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3 Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon [~3~]gwo kri lajwa.
4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt [~4~]avèk fidelite.
5 Li [~5~]renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, [~6~]tout lame syèl yo.
7 Li ranmase tout [~7~]dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
8 Kite [~8~]tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
9 Paske [~9~]Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10 SENYÈ a [~10~]ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo.
11 [~11~]Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13 pèp ke Li te [~12~]chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a [~13~]gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
14 Soti nan [~14~]abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
15 Li menm ki [~15~]fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo.
16 [~16~]Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17 Yon cheval se yon [~17~]fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki [~18~]mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou [~19~]delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nanm nou [~20~]ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Paske [~21~]kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,