Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
32
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
1 [~1~]A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila [~2~] ki pa gen manti a.
3 Lè m te [~3~]kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
4 Paske lajounen kon lannwit,
[~4~]men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete.
Tan
5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: [~5~]“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
[~6~]nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote li ankò.
7 Ou se kote ke m konn kache a.
Ou [~7~]pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
8 Mwen va [~8~]enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9 Pa fè [~9~]tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10 Anpil se [~10~]tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout [~11~]ki dwat nan kè nou yo.

<- Sòm Yo 31Sòm Yo 33 ->