Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
31
Yon Sòm David
1 Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.
Pa janm kite mwen [~1~]vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen.
2 Panche zòrèy W bò kote mwen.
Delivre mwen byen vit.
Devni pou mwen [~2~]wòch ki ban m fòs,
yon sitadèl ki pou sove m.
3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
4 Ou va rale m sòti nan filè ke yo te
prepare an sekrè pou mwen an,
paske se Ou ki fòs mwen.
5 [~3~]Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.
Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,
men nan Bondye, mwen [~4~]mete konfyans mwen.
7 Mwen va rejwi e fè kè kontan nan
lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.
Ou te [~5~]wè soufrans a nanm mwen.
8 [~6~]Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.
Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
[~7~]Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè [~8~]abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Mwen fin [~9~]bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse (moun).
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13 Paske mwen konn tande kout lang
anpil moun, laperèz toupatou.
[~10~]Yo pran konsèy ansanm kont mwen.
Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: [~11~]“Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Moman mwen yo nan men Ou.
[~12~]Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.
[~13~]Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,
paske se Ou ke m rele.
18 Kite lèv ki manti yo sispann,
sila yo ka p [~14~]pale ak awogans kont moun dwat yo,
k ap fè ògèy pou desann moun.
19 Men a la gran [~15~]bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout [~16~]manèv a lòm.
Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj
kont konplo a tout lang lèzòm.
21 Beni se SENYÈ a,
paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a
anvè mwen nan yon [~17~]vil byen fò.
22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:
“Mwen [~18~]koupe retire nèt devan zye Ou”.
Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m te kriye a Ou menm.
23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!
SENYÈ a toujou [~19~]prezève moun fidèl yo,
e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
24 Kenbe fèm e [~20~]kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

<- Sòm Yo 30Sòm Yo 32 ->