29
Yon sòm David
1 [~1~]Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a [~2~]avèk tout sa ki sen.
3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa la [~3~] fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
4 Vwa SENYÈ a gen [~4~]gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso [~5~] bwa sèd Liban yo.
6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e
[~6~]Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
8 Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
9 Vwa SENYÈ a fè [~7~]bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon [~8~]Wa jis pou tout tan.
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.