25
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen [~1~]leve nanm mwen.
2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite [~2~]lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki [~3~]fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
4 [~4~]Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki [~5~]Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la [~6~]depi tan ale nèt.
7 Pa sonje [~7~]peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
9 Li [~8~]dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
10 Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou [~9~]sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
[~10~]padone inikite mwen, paske li anpil.
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va [~11~]enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13 Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 [~12~]Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va [~13~]retire pye mwen nan pèlen an.
16 [~14~]Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17 Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e [~15~]padone tout peche mwen yo.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo [~16~]rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m [~17~]vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite [~18~]entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
22 Delivre Israël, O Bondye, sou