Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
24
Yon sòm David
1 Tè a se pou SENYÈ a, avèk [~1~]tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
2 Li te [~2~]fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
 
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan [~3~]lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa [~4~]leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak [~5~]ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
6 Sa se jenerasyon a sila k ap [~6~]chache Li yo,
ka p chache figi Ou—menm Jacob.
Tan
 
7 Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa [~7~]glwa la kapab antre!
8 Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a [~8~]pwisan nan batay la.
9 Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa [~9~]glwa la kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame [~10~] yo!
Se Li menm ki Wa glwa a.
Tan.