22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 [~1~]Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 O Bondye mwen, mwen [~2~]kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Sepandan, Ou sen;
Ou menm ki [~3~]sou twòn lwanj pèp Israël la.
4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.
Yo te mete konfyans yo nan Ou,
e Ou te [~4~]delivre yo.
5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.
[~5~]Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6 Men mwen se yon [~6~]vè,
mwen pa menm yon moun.
Parèt abominab devan lèzòm,
e meprize pa tout moun.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.
Yo [~7~]separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li.
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan.
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10 Sou Ou, mwen te depann [~8~]depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 [~9~]Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Anpil towo vin antoure m.
Towo fò a [~10~]Basan yo te ansèkle m.
13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,
tankou yon [~11~]lyon voras k ap rele fò.
14 Mwen vin vide tankou dlo.
Tout zo m fin dejwente.
15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.
Lang mwen kole akote nan bouch mwen.
[~12~]Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.
Yon bann malfektè vin ansèkle m.
Yo te [~13~]pèse dwat mwen avèk pye m.
17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.
Yo [~14~]gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18 Yo [~15~]divize rad mwen pami yo.
Pou vètman m, yo tire osò.
19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!
Ou menm, sekou mwen, [~16~]fè vit, vin rive ede m!
20 Delivre nanm mwen devan [~17~]nepe a,
lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Fè m sekou soti nan bouch a [~18~]lyon an,
soti sou kòn a bèf mawon.
Wi, Ou menm te reponn mwen.
22 Mwen va [~19~]pale non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 [~20~]Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!
Kanpe byen sezi devan L,
nou tout, desandan Israël yo.
24 Paske Li pa t meprize ni
rayi afliksyon a aflije yo.
Ni Li pa t kache figi Li a li menm,
men [~21~]lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti
nan gran asanble a;
Mwen va [~22~]akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
26 Aflije yo va manje e [~23~]va satisfè.
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 Tout [~24~]ekstremite tè a nèt va sonje.
Yo va vire bò kote SENYÈ a.
Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va
adore devan Ou.
28 Paske [~25~]wayòm nan se pou SENYÈ a,
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 Tout moun [~26~] byen reyisi sou latè va manje e adore.
Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Jenerasyon yo va sèvi Li.
Yo va pale de SENYÈ a
a [~27~]desandan yo k ap vini an.
31 Yo va vini.
Yo va deklare ladwati Li
a yon pèp ki [~28~]va vin fèt.