Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
21
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 O SENYÈ, [~1~]nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2 Ou te bay li dezi a kè li,
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk
benediksyon de tout bon bagay.
Ou te mete yon [~2~]kouwòn sou tèt li.
4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.
Yon vi ki long ak [~3~]jou k ap dire
jis pou tout tan.
5 Glwa li gran nan sali pa Ou.
[~4~]Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa [~5~]avèk kè kontan nan prezans Ou.
7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,
[~6~]Li p ap ebranle menm.
8 Men ou va [~7~]dekouvri tout lènmi ou yo.
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.
SENYÈ a va [~8~]vale yo nèt nan kòlè Li,
epi dife va devore yo.
10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,
epi [~9~]desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,
e te [~10~]fòme yon konplo,
yo p ap reyisi.
12 Paske Ou va fè yo vire do yo.
Ou va pwente [~11~]banza sou figi yo
ak bon kontwòl.
13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
ak tout fòs Ou!
Nou va [~12~]chante e bay lwanj a pwisans Ou.

<- Sòm Yo 20Sòm Yo 22 ->