Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
145
Yon chan lwanj pa David
1 Mwen va [~1~]leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
[~2~]Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4 Yon [~3~]jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk [~4~]zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
6 Lezòm va pale sou pouvwa a [~5~]zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8 SENYÈ a [~6~]plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 [~7~]Tout zèv Ou yo va di Ou: “Mèsi”,
O SENYÈ, e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 Yo va pale [~8~]glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 Pou [~9~]fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13 Wayòm Ou an se yon [~10~]wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li [~11~]leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou [~12~]bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou [~13~]ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17 Senyè a [~14~]dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li[~15~] ak verite yo.
19 Li va [~16~]ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men [~17~]mechan yo, Li va detwi .
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e [~18~]tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
 

<- Sòm Yo 144Sòm Yo 146 ->