Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
141
Yon Sòm David
1 [~1~]O SENYÈ, mwen rele non Ou.
Fè vit! Vin kote m!
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;
lè m [~2~]leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou [~3~]pòt lèv mwen yo.
4 Pa mennen kè m vè okenn mal,
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki [~4~]fè inikite yo.
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
5 Kite moun [~5~]ladwati yo frape mwen.
Konsa, li dous.
Kite li korije mwen.
L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.
Pa kite tèt mwen refize li,
paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
6 Jij pa yo [~6~] fin jete a tè bò kote wòch yo.
Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,
se konsa zo nou yo fin gaye nan [~7~]bouch sejou mò a.
8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.
Nan Ou, mwen kache.
Pa kite nanm mwen san pwotèj.
9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,
avèk [~8~]pèlen a sila ki fè inikite yo.
10 Kite mechan yo [~9~]tonbe nan pwòp filè yo,
pandan mwen pase akote.

<- Sòm Yo 140Sòm Yo 142 ->