14
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
[~1~]Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki [~2~]konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
[~3~]Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki [~4~]manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5 La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se [~5~]refij li.
7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a [~6~]restore pèp kaptif li a,