127
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a [~1~]veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou [~2~]manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
[~3~]Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon [~4~]gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la [~5~]beni se nonm ke veso l plen ak yo.