Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
126
Yon chan pou monte vè tanp lan
1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
nou te [~1~]tankou sila ki fè rèv yo.
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a [~2~]te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou [~3~]kontan.
4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
kon [~4~]rivyè nan dezè a.
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk [~5~]gwo kri lajwa.
6 Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.

<- Sòm Yo 125Sòm Yo 127 ->