Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
124
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 [~1~]Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
kite Israël di koulye a,
2 Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou,
lè lezòm te leve kont nou yo,
3 Alò, yo t ap gen tan fin [~2~]vale nou tou vivan,
lè kòlè yo te limen kont nou an.
4 Nan lè sa a, [~3~]dlo yo t ap fin anglouti nou nèt.
Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
5 Nan lè sa a, [~4~]dlo anraje yo t ap fin pase sou nanm nou.
6 Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou [~5~]chire nan dan yo.
7 Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo
ki sòti nan [~6~]pèlen a moun k ap fè lachas yo.
Pèlen an fin kase e nou chape.
8 Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te
[~7~]fè syèl la ak tè a.

<- Sòm Yo 123Sòm Yo 125 ->