Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou [~1~]ale lakay SENYÈ a.”
2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki [~2~]kole dyanm ansanm,
4 sou sila, tribi yo konn [~3~]monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
5 Paske la, [~4~]twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
6 Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va [~5~]pwospere.
7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan [~6~]palè ou yo.
8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
[~7~]“Ke lapè anndan ou”.
9 [~8~]Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.

<- Sòm Yo 121Sòm Yo 123 ->