Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
121
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1 Mwen leve zye m vè [~1~]mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki [~2~]te fè syèl la ak tè a.
 
3 Li [~3~]p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se [~4~]gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 [~5~]Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8 Li va [~6~]pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

<- Sòm Yo 120Sòm Yo 122 ->