Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
120
Yon chanson pou monte vè tanp lan
1 [~1~]Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O [~2~]lang mansonjè?
4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a [~3~]Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki
[~4~]rayi lapè yo pandan twòp tan.
7 Mwen [~5~]vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

<- Sòm Yo 119Sòm Yo 121 ->