Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
116
1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2 Akoz Li te [~1~]panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
3 Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, [~2~]sove lavi mwen!
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak [~3~]mizerikòd.
6 SENYÈ a toujou pwoteje [~4~] moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
7 Reprann [~5~]repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
8 Paske Ou te [~6~]delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan
[~7~]peyi moun vivan an.
10 Mwen [~8~]te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
[~9~]“Tout moun se mantè”.
12 Kisa mwen kapab [~10~]bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
13 Mwen va leve wo [~11~]koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
14 Mwen va [~12~]peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a!
15 [~13~]Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin [~14~]lache kòd mwen yo.
17 A Ou menm, mwen va ofri yon [~15~]sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
18 Mwen va [~16~]peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
19 Nan [~17~]lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

<- Sòm Yo 115Sòm Yo 117 ->