113
1 Louwe SENYÈ a!
Louwe, O [~1~]sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
2 [~2~]Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
3 [~3~]Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
4 SENYÈ a [~4~]wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
5 Se [~5~]kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
6 ki [~6~]abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
7 Li [~7~]fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
8 pou fè yo [~8~]chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
9 Li [~9~]fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.