112
1 Louwe SENYÈ a!
A la beni nonm [~1~] ki krent SENYÈ a beni!
Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
2 Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li.
Ladwati li dire pou tout tan.
4 Limyè vin leve nan tenèb [~2~]pou moun ladwati a;
Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.
5 L ale byen pou nonm nan ki [~3~]gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
6 Paske li p ap janm ebranle.
Moun [~4~]dwat la va sonje jis pou tout tan.
7 Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm [~5~]ak konfyans nan SENYÈ a.
8 [~6~]Kè li kanpe janm.
Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè
li gade ak kè kontan advèsè li yo.
9 Li [~7~]te bay ak jenewozite a pòv yo.
Ladwati li dire jis pou tout tan.
Kòn li va egzalte nan lonè.
10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt.
Li va [~8~]manje dan l e vin fonn pou l disparèt.